Gwo deklarasyon Josué Casimir avan match kont Nicaragua : “Mwen ta renmen pou ekip la kalifye pou Mondyal la”

0
558924255_1522076385960452_3078965109997691208_n

Apre premye antrennman li ak ekip nasyonal la nan peyi Nicaragua, nouvo Grenadye a Josue Casimir te bay yon deklarasyon ki frape anpil fanatik foutbòl ayisyen. Jèn atakan an, ki fèk rantre nan seleksyon an, eksprime tout pasyon li ak lanmou li pou drapo a anvan gwo match kont seleksyon Nikaragweyèn nan.

“Mwen ta renmen pou ekip la kalifye pou Mondyal, pou n montre lòt peyi yo ke lè Ayisyen deside mete tèt ansanm pou fè yon bagay, nou ka fè l,”
te deklare Casimir ak yon ton ki chaje ak konviksyon.

Pawòl sa yo rive nan yon moman kote ekip Ayiti a ap chèche ranfòse inite ak konfyans nan gwoup la, pandan yo ap prepare pou yon match ki kapab detèmine avni yo nan eliminatwa Mondyal 2026 la.

Josue Casimir, ki fèk dekouvri atmosfè seleksyon an, parèt trè motive e li deja genyen kè anpil fanatik ak deklarasyon sa a. Li fè konnen li pare pou bay tout enèji li sou teren an pou ede Grenadyè yo fè yon gwo rezilta kont Nicaragua, yon ekip ki toujou difisil pou jwe lakay yo devan plis pase 20 000 fanatik pasyone.

Nan yon moman kote tout peyi a swaf wè drapo a monte ankò nan pi gwo konpetisyon foutbòl mondyal la, deklarasyon Casimir lan vin mete plis flanm nan kè tout Ayisyen. Tout je pral fikse sou li ak rès ekip la pandan rankont istorik sa a.

Haïti kont Nicaragua, se plis pase yon match — se yon kesyon fyète, solidarite ak rev ke yon jenerasyon antye ap pote sou zepòl li.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *